Èske ou gen pwoblèm pou w voye lajan nan yon lòt peyi?
Ou vini bon kote a. Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè a (Consumer Financial Protection Bureau, CFPB) se yon ajans gouvènman Etazini ki la pou l asire li bank, pretè ak lòt enstitisyon finansye yo trete w san patipri. Nou reglemante konpayi ki fè transfè lajan yo.

Sou paj sa a:
Konnen sa pou w fè anvan
Si ou genyen yon pwoblèm pou w fè yon transfè lajan, kontakte konpayi a touswit.
Nan kèk ka, li posib pou yo remèt ou lajan an oswa ou ka fè yo refè transfè a san w pa peye frè anplis.
Fason pou w anile yon transfè lajan
An jeneral, ou kapab anile yon transfè lajan ou voye aletranje nan espas 30 minit apre w fin voye l. Genyen yon eksepsyon: lè moun k ap resevwa lajan an deja pran l oswa yo deja depoze lajan an sou kont li. Ou p ap peye frè pou w anile transfè a.
Lè ou kontakte konpayi a, asire w pare epi ou genyen tout enfòmasyon ou bezwen yo ki se
- Non ou, adrès ou, nimewo telefòn ou, ak nimewo kont ou oswa nimewo tranzaksyon w lan
- Sa k pase—bay eksplikasyon ki klè ak egzak nan mezi ou kapab
- Sa ou bezwen pou w ka rezoud pwoblèm nan
- Dokiman oswa imaj ki montre sa k pase a
-
Pa bliye
- Pinga ou janm pibliye enfòmasyon pèsonèl ou yo ni sou sit medya sosyal yo ni sou sit evalyasyon yo
- Evite pwopo kolerik, iwonik, oswa menasan
- Pran nòt ofiyamezi—moun ou pale avèk yo, ki lè w pale avèk yo, epi ki sa yo di ou
Ou gen dwa pou yo mennen ankèt sou pwoblèm ou an
Ou kapab siyale yon pwoblèm ou genyen avèk yon transfè jiska 180 jou apati dat kòb la fin disponib lan, selon dat ki afiche sou resi w la. Fòk konpayi a mennen yon ankèt sou pwoblèm lan nan espas 90 jou apre dat ou te fin mete li okouran an epi fòk li ba w rezilta yo. Nan kèk ka, li posib pou yo remèt ou lajan an oswa ou ka fè yo voye transfè a ankò.
Dekouvri fason CFPB kapab ede ou

Depoze yon plent konsènan yon transfè lajan
Si w te deja eseye kontakte konpayi a epi li pa t rezoud pwoblèm ou an, ou kapab depoze yon plent nan CFPB. Eksplike nou pwoblèm ou genyen an—n ap transfere li bay konpayi a epi n ap travay pou w jwenn yon repons, jeneralman nan espas 15 jou.

Jwenn repons pou kesyon moun poze souvan sou zafè transfè lajan (repons yo an Anglè)
- Èske mwen kapab anile yon transfè lajan?
- Mwen te voye lajan bay yon moun men li pa t kapab pran lajan an paske enfòmasyon li yo pa t koresponn ak enfòmasyon mwen te bay yo. Kisa mwen kapab fè?
- Mwen te voye lajan bay yon moun nan yon peyi etranje, men montan li resevwa a pi piti pase montan mwen te voye a. Kisa mwen kapab fè?
Pou w jwenn repons pou lòt kesyon moun poze souvan yo, gade tout resous nou yo sou zafè transfè lajan.
Enfòmasyon ou resevwa anvan ou peye epi apre ou fin peye
Lè ou voye lajan nan yon lòt peyi, lwa federal yo jeneralman aplike. Pi ba a genyen kèk egzanp enfòmasyon pifò konpayi transfè yo oblije ba ou anvan w voye lajan an epi apre w fin voye lajan an.